Dwa avòtman nan sosyete ayisyen an: Yon refleksyon kritik

Revendication de l'avortement en Haiti

Kesyon avòtman se yon istwa ki antre sou sèn politik la pou kreye atansyon epi fè kèk gwoup jwenn mwayen pou mete tiyon yo nan pasèl pwoblèm lòt moun nan betiz. Si mwen ta chita sou sa k ap pase nan peyi a, yon pwoblèm ta sipoze mobilize anpil moun, touche anpil moun nan sosyete a epi bay posibilite pou elabore yon politik pou tout moun. Sa mwen remake, nan sosyete kounye a, nou plis chita ap poze pwoblèm sou dwa olye nou chita sou kesyon revandikasyon ak chanjman nan sosyete a. Si nan tan modèn nan, se te kesyon emansipasyon ki te finalite politik la, kounye a se kesyon revandikasyon dwa ki vini sou sèn politik la. Sa kreye yon gwo malèz nan sosyete a. Chak kategori moun ap pote revandikasyon yo nan espas piblik la epi pa gen okenn posiblite ki ouvri pou nou jwenn yon tèt ansanm pou nou adrese pwoblèm politik yo epi rive nan emansipasyon pèp la. Chak kategori ap defann idantite yo.

Dinamik politik ak etik avòtman

Bagay sa mete gwo diskisyon nan pran pozisyon ki lye ak yon gwoupman espesifik. Nou pa kapab konprann sa k ap pase a si nou pa gade pwojè politik yo ak dinamik ki lye ak yo. Jodi a, nou divize kesyon politik ak kesyon etik epi dwa, ki fè kesyon politik la vin soumèt anba kesyon etik la. Sa vle di etik ak dwa ap dominen sou politik[1]. Ak kesyon dwa sa a, pwoblèm yo vin pi konplèks epi chak gwoup pran sa ki enpòtan pou yo pou pote nan piblik la. Konsa, kowabitasyon an pa posib nan poze epi adrese pwoblèm politik yo. Se chak gwoup oubyen kategori k ap vini ak pwoblèm yo pou ekspoze, tankou se yo ki gen plis pwoblèm. Sa ki pi rèd la, yo kwè se dwa k ap rezoud pwoblèm yo. Revandikasyon pa lòt pase revandike dwa tankou depenalize avòtman, politik diskriminasyon, ak kesyon LGBT. Poutan, nan tan modèn nan kesyon politik la te konbine ak kesyon dwa ak etik, sa ki te fè tout mouvman yo te mouvman pou tout moun viv byen, se pa t pou yon kategori viv byen.

Bagay revandike dwa sa a kreye yon ilizyon nan tèt tout moun ke depi yo mete yon atik nan yon lwa ak konstitisyon, sa vle di pwoblèm nan rezoud. Si se sa, nou mele. Dwa sou papye pa rezoud pwoblèm moun reyèlman. Dwa a se yon mwayen pou nou adrese pwoblèm nan san volonte politik. Sa vle di pou jwi yon dwa, fòk gen kondisyon pou jwi l. Se politik la ki pou kreye kondisyon sa a. Sa mwen sot di a, fè m poze kesyon: Èske avòtman se pwoblèm peyi a vre? Èske pwoblèm sante popilasyon, edikasyon, ak lòt pa pi enpòtan? Èske nou ka rezoud pwoblèm avòtman san yon sistèm sante ki solid epi ki reponn ak bezwen global sante a? Poukisa gen yon kategori ki chofe sou kesyon avòtman? Se kesyon sa yo m ap eseye reponn san m pa di m gen tout verite a.

Defi nan sistèm sante ayisyen an

Avòtman se yon pwoblèm pou yon kategori moun, men li pa yon pwoblèm fondamantal pou sistèm sante a. Avòtman touche yon gwoup nan sosyete a; li ka yon chwa volontè oswa yon sitiyasyon enpoze. Avòte mande kondisyon espesifik pou avòte. San kondisyon sante ki nesesè pou avòtman, pa gen posibilite pou fè l. Lè nou gade sistèm sante a, kondisyon yo pa ase pou reponn a bezwen sa a. Men, sa pa vle di moun yo pa avòte. Yo fè l an kachèt, e sa se yon gwo pwoblèm paske li gen konsekans grav sou lavi moun. Yon fanm ki avòte epi mouri, fanmi li pa gen mwayen pou pote plent nan bon kondisyon. Sa fè anpil medsen fè avòtman ilegalman paske yo jwenn mwayen pou fè lajan. Nan ka sa a, lojik kapitalis la pran plas lojik imanitè a, kote lajan vin pi enpòtan pase lavi.

Poukisa avòtman se yon pwoblèm pou yon kategori moun? Se pa tout moun ki avòte; an reyalite, li se yon chwa. Gen anpil rezon pou avòte, tankou pran pitit nan move kondisyon, pa prepare, oubyen planifye, pran pitit nan pran plezi. Apre moman sa yo, avòtman vin tante kòm solisyon. Nan kontèks sa a, gen lòt opsyon tankou edikasyon seksyèl pou fanm ak gason, ki ka ede yo konprann epi itilize metòd pou pa fè pitit pandan aktivite seksyèl. Pou mwen, kesyon depenalize avòtman antre nan yon lojik kretyen, paske daprè sa Labib di, nou pa ta dwe detwi lavi. Penalize avòtman se yon preokipasyon paske Leta pa ka bay swen adekwa epi kreye kondisyon pou limite dega yo. Pou dekriminalize avòtman, fòk ou kreye kondisyon pou moun ki mande avòtman jwenn posibilite pou fè l nan bon kondisyon. Sepandan, nan peyi d Ayiti, pa gen ase kondisyon paske Leta pa rive kreye enfrastrikti, fè rechèch, epi fòme pèsonèl medikal pou adrese pwoblèm sa a. Kesyon sante a se yon pwoblèm ki konsène tout moun. Anpil moun ap soufri ak pwoblèm sante nan peyi a epi yo pa jwenn sèvis nesesè.

Pèspektiv sosyal ak responsablite

Nan sa m panse, Leta dwe reponn ak pwoblèm sante global, edikasyon, ak lòt pwoblèm enfrastriktirèl anvan pou poze pwoblèm yon kategori ki, dapre mwen, pa pran responsabilite yo menm si Leta gen anpil responsabilite nan ireponsabilite moun ki vle avòte yo.

Kesyon avòtman an se yon mwayen pou rann vizib yon kategori nasyonal epi reponn ak preyokipasyon entènasyonal yo pou finanse pwojè.

Kesyon avòtman an ta sanble pa diferan ak revandikasyon LGBT yo. Si m ap obsève, se menm aktè yo k ap pote mesaj pou konbat diskriminasyon sou oryantasyon seksyèl ki vin devan piblik ak menm revandikasyon depenalizasyon an. Gwoup moun sa yo pa nan lojik defann pwoblèm sosyete a men pito pwoblèm ki lye ak idantite yo. Yo konstwi majorite a kòm advèsè yo san yo pa enterese nan fòm entegrasyon ak modèl edikasyon ki akouche konpòtman moun an rapò ak pwoblèm enpòtan yo.

Nan peyi Ayiti, gen yon ansanm pwoblèm ki pa vrèman pwoblèm. Yo pa chita ni pa lye ak lojik evolisyon sosyete a ni ak modèl devlopman edikasyon an. Se zouti kominikasyon ak entènèt ki pote yo pou nou. Yo pote pou kreye yon klima tansyon pou atire moun epi fè tiyon nan kesyon monte òganizasyon epi chache pwojè pou yon kategori sosyal ki pa menm konprann reyalite pwojè sa a.

Se nan lojik sa a, gen yon ansanm pwoblèm k ap boulese bilan nou nan peyi ki pa koresponn ak reyalite lavi nou. Nou enpòte tout bagay. Nou pa pwodui ase pou satisfè popilasyon an nan okenn sans. Pafwa nou bliye pwoblèm reyèl nou, nou chita ap pale sou pwoblèm ki pa lye ak lavi nou. Men pa janm di kesyon avòtman pa lye ak lavi nou, men li pa yon pwoblèm ki ka jwenn solisyon san yo pa mete an plas yon bon sistèm sante. Sa vle di kesyon sante global dwe jwenn solisyon anvan menm nou tante rezoud pwoblèm sa a.

Nan nivo nou poze pwoblèm sa a, se nivo pou ta di se yon bagay ki reponn ak yon preyokipasyon chak jou tankou manje, bwè, dòmi ak abiye.

Enfliyans aktè entènasyonal yo ak finansman

Pou jwenn finansman epi kreye tansyon, medya yo konstwi kesyon avòtman kòm yon pwoblèm vital deja tanmen. Pou jwenn finansman, gwo òganizasyon entènasyonal ak politisyen lokal ak entènasyonal yo fè nou mete valè lokal nou sou kote epi adopte valè sistèm entènasyonal la ki chita sou yon dekiltirasyon lokal.

Pa gen okenn aksyon gwoup yo fè san entere. Ki enterè gwoup sa yo? Pa gen okenn pwoblèm moun pa fè konstwi pwojè ak li epi kreye òganizasyon ki pote gwo non pou jwenn finansman pou pwojè yo, sou enfliyans gwo aktè entènasyonal ki kwè nan dwa lòm, pandan veritab dwa moun yo pa respekte.

Tout dwa dwe respekte. Sa se baz dwa moun. Pou dwa moun respekte, se sosyete a ki dwe pran desten li nan men epi adrese pwoblèm yo. Rezoud pwoblèm yo vle di pran aksyon pou emansipasyon. Se lojik emansipasyon ki bay bon dwa moun. Se pa lojik revandike dwa ki bay emansipasyon.

Apèl pou aksyon emansipatwa ak inite sosyal

Pou mwen fini, Mwen pa gen okenn pwoblèm pou revandike dwa. Tout sitwayen gen dwa sa depi yo fèt. Sa ki enpòtan pou mwen se ke pwoblèm yo dwe poze epi vle rezoud san yo pa kite dèyè sosyete a. Chak fwa nou inyore valè sosyete ak kondisyon lavi moun, nou kreye yon pwoblèm enpòtan. Enpòte pwoblèm se gaspiye enèji pou bagay ki pa nesesè epi kite dèyè enèji nou bezwen pou rezoud pwoblèm reyèl yo, ki kapab kreye plis dezòd nan sosyete a epi bay plis pwoblèm ankò. Gen pwoblèm ki kreye plis divizyon nan sosyete a. Kijan w ka mande yon moun manifeste pou avòtman ak legalize dwa yon kategori, pandan li grangou epi pa ka ale lopital?

Fòk nou adrese pwoblèm ki kapab rezoud pwoblèm fondamantal pèp la, olye pou mete yo nan yon ilizyon. Jan Ayiti ye a, li pa ka enpòte pwoblèm. Li dwe panse ak posiblite pou pèp la tounen akte chanjman pou dwa yo reyalize. Se pa dwe ki pral pote chanjman an.

Nòt

[1] Cornellier, L. (2005, 3 mars). Le politique comme monde commun. Le Devoir. https://www.ledevoir.com/opinion/chroniques/76150/le-politique-comme-monde-commun

 

Mots-clés:
Langue:
Catégorie:

Réagir à cet article

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Abonnez-vous à notre newsletter